Yon ti pawol sou Foumi

Date:

SANTE N SE LA VI N_Title

 

Bon début du mois de Septembre 2019

Mwen salye nou tout ki anba tonèl jounal Le Floridien. Jodi a mwen byen kontan vin kase moso kichòy ake nou sou lavi foumi nan lemonn. Kòman nou ye? N ap tchoule…? Kenbe fèm pa dekouraje, viktwa final la se pou nou menm ki kwè nan pisans Jeyova papa a. Jodi a mwen vin brase lide ake nou sou yon sijè anpil moun pa bay enpòtans e ki chaje ak valè. Rale ti chèz ba nou, vin nou koze.

Foumi se yon bèt ke gwo save yo plase nan kategori Ensèk/Insects. Genyen plis pase 14.000 kalite foumi nan lemonn. Foumi viv an kominote/Colonie – Nou pap janm jwenn yon grenn Foumi kap viv pou kont li, yo toujou gwoupe yo. Yon kominote Foumi kapab konpoze de 10.000 a 500.000 manb ki divize konsa: Rèn/Reines, Mal/Male/Femèl travayè/travailleurs, Gèrye/Guerrier. Yo rele Foumi ensèk nomad, sa ki vle di Foumi toujou ap deplase, yo pa rele yon sèl plas.

Genyen Foumi Nwa, Wouj, e Jòn…… Kominote Foumi yo tèlman byen òganize anpil peyi nan lemonn kopye sou taktik ensèk sa yo pou defann e atake enmi yo. Nan koloni yo pa vrèman genyen yon chef kap kòmande…..tout Foumi yo ap okipe yon travay èspesifik. Pa genyen plas pou parese!

Divizyon
Rèn/Reine yo la pou ponn ze/oeufs sèlman, yo genyen zèl, men lè yo prèt pou ponn ze zèl yo vole gagè, sa vle di yo pèdi zèl yo. Se pa paske Foumi yo granmoun ki fè yo genyen zèl…..….se karakteristik pa yo. Djòb Rèn yo se fè pitit pou agrandi koloni an. Rèn yo konn nouri lava yo avèk zagribay zèl yo ki tonbe a, sitou nan sezon sechès. Rèn yo pap soti kite koloni an pou pè pap, se la yo manje, bwè, fè bagay/sex, e ponn ze. Pami travayè yo genyen kèk femèl ki la pou ede jèn bebe Foumi yo ke gwo save yo rele lav/larvae, ba yo manje, netwaye kò yo ak pran prekosyon pou ze yo pa genyen anyen mal ki rive yo (Lav ak ze yo konn trouve yo menm kote andedan galeri a). Femèl trvayèz yo pa kapab fè ze, yo èsteril. Genyen tou kèk mal Foumi ki la pou ankouple avèk Rèn yo. Mal sa yo pa rete viv pou lontan paske yo mouri aprè yo fin ankouple ak Rèn yo. Mal say o genyen zèl tankou rèn yo. Yon lòt kalite mal la pou bourike, batay pou defann koloni an. Mal sa yo pa ankouple avèk Rèn yo e yo pa genyen zèl tankou mal fètil yo. Foumi travayè yo la pou fouye trou anba tè, fouye trou nan pye bwa ou byen nan moso bwa pouri, yo la tou pou chèche manje tribò e babò pou pote sere nan tinèl ou byen galeri ke yo konstri. Koloni an genyen kèk sòlda/gèrye ki la pou defann koloni an kont tout anvayisè.

NB: Kèk nan fèmèl ki kapab ponn ze konn kite koloni an avèk kèk mal ki kapab ankouple pou yo ale konstri yon lòt koloni, nan yon lòt lokalite.

Mal Foumi ki fètil yo ankouple avèk Rèn yo anpil fwa leswa pandan yap vole an lè. Se sèlman yo 2 ki kapab vole an lè nan koloni an.

Kominikasyon
Foumi pa kominike tankou anpil lòt zannimo konn abitye fè. Foumi kominike ant yo gras a yon pwodwi chimik ke gwo save yo rele Fewomòn/Pheromone. – Sa ke nou pa ta vle kwè genyen kèk nan travayè yo ki avèg, yo fèt konsa, yo pa wè se gras a lodè/odorat yo ke yo rive konnen chimen pou yo ale nan katye jeneral yo, baz yo – Foumi konnen trè byen lodè chak manb koloni an. Si yon lòt Foumi ki soti nan yon lòt koloni vin antre pami yo touswit yap kouri dèyè do li, paske li pa genyen menm lodè avèk yo – chak koloni yo genyen pwòp kalite lodè pa yo. Foumi konn trè byen lodè chimen yap pase paske yo depoze sou tout pasaj yo likid Fewomòn nan. ……Se rezon sa ki fè si yon moun pase yon ti twal mouye nan mitan liy/ligne Foumi yo touswit moun sa ap wè tout Foumi yo gaye. Yap sispann mache an liy/yonn dèyè lòt, Paske yo pap swiv wout la paske yo te wè ou byen yo te konn wout la, se pito paske yo te santi lodè Fewomòn ke yo simaye nan tout wout la. Sou pito liy lan kapab refòme pi douvan, men kote Ti twal mouye a te koupe liy lan yo pap janm pase la ankò. Esesye konprann sa byen.

Foumi yo viv an koloni ki fòme de Rèn, Travayè (mal e Femèl), e Gèrye/Guerrier. Travayè yo la pou chèche manje, konstri galeri, nouri ti bebe/lava Foumi yo. Gèrye yo la pou defann koloni an. Genyen mal kon fèmèl ki èsteril, sa vle di yo pa kapab fè ze, ni yo pa kapab ankouple/sex. Genyen mal ki la sèlman pou ankouple avèk rèn yo, aprè yo mouri. Rèn yo la pou ogmante popilasyon koloni an sèlman. Gèrye yo la pou defann koloni an wè pa wè.

Nou dwe konnen repons kèk kesyon osijè lavi Foumi yo.

Q: ki sa ki yon Ensèk? Rep: Yon Ensèk se yon zannimo ke kò li fòme de 3 pati; Tèt, Torask, e Abdomèn. Ensèk genyen 6 pat, genyen nan yo ki posede 1 pè zèl, genyen ki posede 2 pè zèl.

Q: Eske Ensèk yo genyen plas yo nan lemonn? Rep: Wi, lavi patap janm posib si pa te genyen Ensèk nan lemonn. Tout sa ke Jeyova kreye lye antre yo.

Q: Eske yo manje Foumi nan lemonn? Rep: Wi, nan kèk peyi an Afrik, an Azi Foumi se yon plat manje èspesyal. Anpil zannimo manje Foumi pou kapab rete anvi. Se tou yon medikaman pou anpil maladi kretyen vivan soufri.

Q: Ki jan klas sosyal koloni Foumi an divize? Rep: Koloni an genyen ladan li: Rèn/Reines, Travayèz/Ouvrières, Gèrye/Soldats, avèk kèk mal pou ankouple/sex ak Rèn yo.

Q: Ki jan nou kapab konnen yon Rèn/Reine Foumi? Rep: Rèn Foumi yo pi gwo anpil ke Travayèz yo ak Mal yo. Rèn yo genyen Zèl, e pwent abdomèn yo pi long ke lòt Foumi yo. (Genyen kèk mal ki genyen zèl tou, men yo pa viv pou lontan). Depi Rèn nan fin ankouple/sex avèk mal yo, li jete zèl yo.

Q: konbyen tan yon Foumi kap viv? Rep: Nan yon laboratwa an Frans/France yon Rèn Foumi te rive viv 73 lanne.

Q: Eske yo fè remèd avèk foumi pou moun sèvi? Rep: Wi, yo fabrike anpil remèd avèk Foumi tankou yon krèm pou retire plim sou kò moun. Krèm sa rele: CRÈME GUTTO. Li fèt/abaz de ze/eggs Foumi.

Q: Konbyen tan yon Foumi kapab fè san manje? Rep: Plis ke 2 a 3 semèn san manje.

Q: Eske Foumi konn mete lòt Foumi nan èsklavaj? Rep: Wi, Foumi konn mete lòt Foumi nan èsklavaj.

Q: Eske Foumi konn flite/spray enmi yo avèk asid? Rep: Wi, Foumi genyen yon depo asid fomik/formic acid andedan li. Lè li nan batay avèk lòt bèt ou byen Foumi parèy li li flite asid sa nan zyè enmi li yo. Se yon asid ki brile zye, e menm rive touye enmi li yo.

Q: Ki jan Foumi sere manje? Rep: Foumi genyen plizyè mwayen pou yo sere manje: Nan chanm ki nan koloni yo, andedan abdomèn yo (Manje tankou siwo), elatriye.

Q: Konbyen foumi ki kapab konpoze yon koloni, e konbyen tan yon koloni kapab dire? Rep: Andedan yon koloni kapab genyen plis pase 10.000 a 500.000 Foumi. Yon koloni kapab dire 10 a 50 lanne si pa genyen anyen ki kraze/detri koloni sa.

Q: Pouki sa Foumi genyen 2 antèn nan tèt li? Rep: Pou li kapab santi bagay, pou li kapab touche, pou li kapab goute, e anfen pou li kapab kominike ak lòt Foumi parèy li.

Q: Kòman yo rele an Franse: Moun ki etidye Ensèk yo. E moun ki etidye Foumi pou kont li? Rep: Moun ki etidye Ensèk rele ENTOMOLOGISTE/ENTOMOLOGIE. Moun ki etidye Foumi pou kont li rele MYRMéCOLOGUE/MYRMéCOLOGIE.

Q: Eske Foumi kapab plante e elve bèt? Rep: Wi, Foumi konn plante yon djondjon/champignon andedan koloni li. Lè yo leve Foumi yo manje/rekòlte djodjon sa san yo pa bezwen sòti deyò koloni an. Foumi konn elve yon ensèk yo rele Aphids pou tèt li toujou ap pipi yon pipi ki sikre anpil. Foumi yo konn bwè pipi sikre sa.

Q: Eske Foumi genyen Venen/Venin? Rep: Wi, Foumi ki manje vyann yo genyen Venen, se tou yon mwayen pou yo anpwazone enmi yo fin mòde. Venen sa pa danjere pou lavi kretyen vivan.

Q: Ki valè bagay lou yon Foumi kapab leve/soulever? Rep: Yon Foumi kapab leve pou kont li yon pwa/poids ki 60 fwa pi gwo ke li…..se tankou yon tibebe kap leve yon vwati – Incroyable mais vrai!
Aprann konnen lavi zannimo yo pou nou kapab konprann pi byen vrè sans/sense lavi………..!

Q: Ki kote yon koloni Foumi kapab viv ou byen fè nich? R: Genyen plizyè kote sou latè Foumi kapab viv/abite…..Bò lakay nou an Ayiti nou kapab jwenn nich Foumi anba Tè….Yo rele Foumi sa yo Foumi Fòseyè. Nou kapab jwenn Foumi ki fè nich yo nan trou bwa – tankou andedan yon pye bwa, andedan yon moso bwa pouri, etc….Yo rele Foumi sa yo Foumi Ebenis. Nou kapab jwenn Foumi ki fè nich yo andedan kay moun ….Yo rele Foumi sa yo Foumi Domèstik.

Mwen te kontan ansanm ake nou yon fwa ankò anba tonèl jounal Le Floridien. Mwen swete nou pase yon bon mwa SEPTANM 2019 anba pisans Jeyova papa a.
Viv Medsin Natirèl – Viv yon Ayiti an sante..!!!

Kanmarad Jude Etienne, Djougan Djougan.
754-244-3021

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

More like this
Related

Le PAM continue son assistance alimentaire en Haïti, reprise des vols de l’UNHAS prévue

Port-au-Prince – Le Programme Alimentaire Mondial (PAM) poursuit ses...

Nouveau Premier ministre, la mascarade continue

Par Stéphane Boudin Si vous cherchez un emploi stimulant et...

Sous la Menace Trump, les Haïtiens Commencent à Quitter Springfield

(Le Floridien) -- À Springfield, dans l’Ohio, une onde...
Languages

Contact Us

error: