Sunday, July 7, 2024

Danje ki genyen nan ze blan – 2eme Partie

Date:


Jude Etienne

Bonjou/Bonswa

Peyizan yo genyen plizyè fason pou yo konnen si yon ze fre ou byen bon pou poul kouve. Yonn nan fason peyizan yo konnen si yon ze bon se lò yo souke ze a bò zòrey yo. Si ze a souke li pa fre ou byen li pa bon pou poul kouve, fòk li pa souke. Lòt mwayen peyizan konn gade si yon ze fre ou bon pou poul kouve se lò yo plonje ze a nan yon gòdèt dlo. Si ze a rete anlè dlo a ze a pa bon, yo konn di ze a pa plen ase pou li kale ti poul. Lòt fason yo fè pou gade si yon ze bon ou pa bon se lò yo gade ze a nan solèy. Si li pa jòn ze a pa bon. Peyizan yo konn fè dènye fason sa se dekwa pou yo wè si ze poul la se yon ze kouve, lò sa yap wè anndan ze a tou nwa. Mesyedam lasyans yo esplike nan fason pa yo pouki rezon yon ze kapab rive rete sou dlo. Gwo save yo di nou kal ze a genyen anpil ti twou zye moun pa ka wè. Se akoz ti twou sa yo ti pousen an rèspire. Yo kontinye pou di lò yon ze la twò lontan anpil lè/air al gonfle nan yon pòch lè ki anndan ze a. Se pòch lè sa ki vin gonfle ki koz ze a pa kapab rete anba dlo. Lè pòch lè a pi gwo ze a ap monte anlè, tandiske lò ze a fre lè/air pa antre anndan li ze sa ap rete anba dlo. Menm si yon ze rete sou dlo sa pa vle di nou pa ka manje li, li kapab pa fre ou byen li kapab pa bon pou poul kouve, men li kapab bon pou moun manje.

Pou nou rive konnen si yon ze pa bon pou moun manje se kase pou nou kase li epi gade si li genyen kèk bagay dwòl nan jòn ak blan ze a. Lò nou kase ze a li kapab santi, li kapab genyen move lodè, li kapab genyen tou vye koulè dwòl akoz fòmasyon chanpiyon ak vye bakteri. Lò sa se jete pou nou jete ze sa. Pa janm eseye manje yon ze ki gate, se maladi pou lasante.

Yonn nan peyi sou latè ki fè plis elvaj poul se peyi Meriken. Kote yo genyen plis pase 250 gwo poulaye, anpil nan elvè sa yo kapab genyen plis pase yon milyon poul yap elve nan chak grenn poulaye. Elvè ki gade pi piti kantite poul yo kapab genyen 25 @ 30 mil poul. Anpil nan poul sa yo grandi nan malsite, kote yo fèmen yo nan yon gran chanm ki genyen manje pwodwi chimik ak dlo pou nouri yo, limyè sou tèt yo prèske 24è sou 24, konsa yo pap kapab dòmi, yo pap janm wè limyè solèy, yo pap kapab manje manje natirèl. Kalite poul sa yo manje tout lajounen, tout lannwit, de tan twa mouvman yo genyen me gwosè. Poul sa yo pa bizwen kòk pou yo ponn ze, gras a manje pwodwi chimik yo bay poul blan yo sa ki koz yo ponn ze toutan. Apre nou fin wè tout bon engredyan yon ze poul òganik genyen, ki sa nou kapab jwenn nan yon ze poul blan? Pouki rezon li pa konseye pou nou manje ou byen itlize sèvis ze blan yo? Li pa bon pou nou manje ou byen fè gato ake kalite ze nou rele ze pèpè yo.

Sa nou dwe konnen : Moun pa dwe janm bwè ze kana tou kri paske li genyen yon seri bakteri ki dwe detri lò nou bouyi ou byen fri li.

Kay – Nou genyen nan bitasyon nou yon zwazo nou rele Kay, li tankou yon jèn poulèt, yo genyen menm pli, menm plimay tank yo sanble. Men yo pa menm ditou. Zwa zo sa pi piti pase poul nou yo. Franse rele li Caille. Angle yo rele li Quail. Se yon kalite zwazo anpil jèn jounen jodi pap konnen paske debwazman ake fenomèn touye zannimo san kontwòl depafini ake prèske tout. Anpil nan zwazo sa yo pati/imigre pou al viv nan lòt peyi. Zwazo sa ekziste byen lontan, yo menm rapòte non li site nan labib ak nan liv sakre mizilman yo – Coran. Nan Exode 16 vèsè 13, yo di nou Jeyova te nouri pèp Izrayèl la nan dezè a ake lamân e vyan zwazo Kay. Yon jèn manman Kay kapab rive ponn 8 @ 10 grenn ze, li pran yon jèn femèl yon jou pou li ponn yon grenn ze. Li pran manman Kay la 18 jou pou li kale ti kay yo ke franse rele Cailleteau. Menm jan ake poul sèl femèl la ki okipe cailleteau yo.

Zwazo si la enpòtan anpil pou plizyè rezon. Li pa mande anpil èspas pou fè elvaj li, yo pa manje anpil tankou poul, yo pi rezistan anba maladi pase poul, vyann ak ze li pi fòtifyan e zwazo kay peple vit. Gwo save nan domèn lasante di ze/oeufs zwazo sa kapab rive geri plis pase 20 maladi moun soufri tank ze sa chaje ake vitamin, mineral, ak pwoteyin. Ze kay pa genyen kolèstewòl tankou ze lòt zwazo yo. Se yon ze ki kapab ede nou menm Ayisyen nan anpil domèn, tankou memwa, sex, imin sistèm, elatriye.

Mwen remèsye nou pou pasyans nou ak lanmou nou genyen pou ti ribrik la. Nap kontinye kenbe sante nou djougan. Nap kase randevou pou dezyèm pati a 1er NOVANM 2018 si papa Jeyova vle.

Kanmarad JUDE ETIENNE
754-244-3021

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Share post:

Subscribe

spot_imgspot_img

Popular

More like this
Related

Kenya-Haïti : pour le meilleur et pour le pire

Personne n’aurait imaginé il y a un an que...

Le Premier ministre Garry Conille rencontre des leaders de la Communauté haitienne du sud de Floride

LITTLE HAITI (Le Floridien) -- Garry Conille, récemment nommé...

Wancito Francius: A potential Danger for Any Political Party

By Dessalines Ferdinand -- Since Philippe Derose made history in...
Languages

Contact Us

error: