SANTE N SE LA VI N_Title

Mwen salye tout fanatik ribrik “sante se lavi n” ki nan 4 kwen latè. Jodi a mwen byen kontan vin pataje ake nou premye pati nan yonn nan chapit liv Kichòy ki rele Rèspirasyon Atifisyèl/CPR. Rale ti chèz ba nou vin nou koze sou sante.

Rèspirasyon Atifisyèl se yon mouvman yon moun kapab fè ak men. bouch, e aparèy pou sove lavi yon moun ki pèdi konesans, ou byen yon moun ki sanble ki PA respire. Yon moun kapab fè Rèspirasyon Atifisyèl se si tout fwa moun nan pa mouri. Blan angle yo rele metòd Rèspirasyon Atifisyèl la “CPR”, sa ki vle di: “Cardio Pulmonary Resuscitation”. Yo fè Rèspirasyon Atifisyèl/CPR pou sove lavi granmoun, jèn timoun, e men ti bebe. CPR pou granmoun pa menm jan avèk CPR pou jèn timoun, ni ti bebe. Yo chak genyen fason pa yo, menm lè yo genyen kèk resanblans.

NB: Yonn nan moun ki kapab fè CPR se yon moun ki resevwa bon jan antrènman pou sa. Pa pran chans al fè rèspirasyon atifisyèl sou yon pwochen w si w pa byen metrize teknik CPR a – Ou kapab agrave sitiyasyon an. Toujou mande konkou moun ki genyen konesans nan domèn nan.

Yon moun ki tonbe san konesans devan w, fè bagay sa yo:

1- Touche moun nan pandan w ap mande li èske li anfòm.
2- Si moun nan pa reponn, touswit di yon moun telefone ou rele anbilans.
3- Prese prese gade si souf li ap bat/Pouls
4- Si souf moun sa toujou la, men moun sa pa kapab reponn ou mete li kouche sou kan jouk anbilans ou byen moun ki genyen konesans nan fè CPR rive. Toujou kontwole souf li pandan w ap tann sekou rive.
5- Si ou genyen eksperyans nan CPR mete moun nan kouche plat sou do, detache rad li e fè CPR.
6- Peze desann/konpresyon pa mache pou kont li, fòk nou bay moun nan souf nan bouch.
7- Nou kapab itilize yon machin Blan Angle rele AED ki vle di an angle “Automated External Defibrillator”.

Avan sekou rive, mete moun nan kouche sou kan

Devlòpman Rèspirasyon Atisyèl – CPR avèk AED
Chak fwa nou wè yon kretyen vivan tonbe ou byen rete san konesans devan nou fòk nou mande li kòman li santi kò li, èske li santi li pa byen ou èske li anfòm.

Si moun sa pa ban nou okenn repons ou byen l ap mamote, begeye – e nou pa menm ka byen tande sa li vle di, nou dwe fè yon lòt moun rele anbilans ou byen moun ki genyen eksperyans nan domèn lasante pou yo pote moun sa konkou [Telefone anbilans ou byen rele moun ki genyen konesans nan lamedsin]. Touswit mete malad la kouche yon kote byen plat sou kan jouk anbilans ou byen moun ki genyen eksperyans nan metòd CPR rive. Si ou konn fè CPR, detache chemiz ou byen kòsaj ak soutyen moun sa. Mete yon plat men sou mitan lèstomak/sternum moun ki san konesans lan. Aprè depoze lòt plat men an sou premye plat men ou te depoze a sou fòm ou wè nan foto ki anba a/dwèt men yo antre nan dwèt. Konsa w ap peze desann-konpresyon kan plat men yo [Pati ke blan Franse rele nan plat men nou le mont de Venus]. Se pa dwèt yo w ap peze desann…. Nou dwe peze kan plat men yo sou lèstomak li a yon pwofondè de 2 pous.

Fòk nou pa peze lèstomak moun nan twòp. Chak peze kite lèstomak la monte pou kont li jan li te ye avan an. Nou peze desann, lèstomak monte. Fè sa byen vit pandan 30 fwa swivi swivi nan mwens ke yon minit.

Peze lèstomak li 30 fwa byen vit

Nou dwe peze desann/konpresyon 30 fwa se tankou nou ta vle peze desann 100 fwa nan yon grenn minit. Sa ki vle di n ap peze desann/konpresyon byen vit pandan 30 fwa.
Kòm peze desann pa mache pou kont li, fòk nou bay moun ki san konesans lan souf nan bouch. Souf nan bouch lan fèt se pou ouvri wout lè pase – open the airway.
Genyen 2 fason nou kapab bay souf ou byen ouvri wout pou lè pase. Se metòd bouch nan bouch, ak metòd mask
Avan nou fè rèspirasyon bouch nan bouch lan fòk nou:

a- Soulve anlè babin/manton moun nan tou piti.
b- Mete yon plat men sou fontèn moun nan, pandan n ap peze dousman nen/nez moun ki pèdi konesans lan avèk pous ak endèks/Le pouce et l’index-
c- Rale yon gwo souf, aprè mete bouch ou nan bouch moun ki pèdi konesans lan.
d- Pa kite lè-air pase antre bouch yo. byen kole yo.
e- Pandan 1 segonn pouse souf andedan bouch moun ki pèdi konesans lan.
f- Pouse souf 2 fwa andedan bouch li pandan 2 segonn yonn dèyè lòt – 1 – 1.
g- Pandan w ap pouse souf nan bouch li gade pou w wè si lèstomak li ap monte.
h- Apre ou fin pouse 2 souf la, kontinye ak seri 30 peze desann 2 plat men yo.

Si ou genyen Mask a dispozisyon w, ou pa bezwen anplwaye metòd bouch nan bouch lan. Ou kapab itilize metòd mask la konsa:

a- Mete Mask la sou bouch ak nen moun ki pèdi konesans lan.
b- Toujou kenbe fontèn li.
c- Toujou soulve babin/manton li tou piti.
d- Pa kite lè-air pase anba mask lan
e- Rale yon gwo souf.
f- Pouse souf nan mask la pandan 1 segonn.
g- Pouse souf 2 fwa andedan bouch li ak mask la pandan 2 segonn yonn dèyè lòt.
h- Pandan w ap pouse souf nan bouch li ak mask la gade pou w wè si lèstomak li ap monte.
i- Aprè ou fin pouse 2 souf la, kontinye ak seri 30 peze desann 2 plat men yo.

Mwen rete la pou Jodi a, an nou kase randevou pou 15 AVRIL 2019 pou swit ribrik sa.
Map swete nou pase yon bon mwa AVRIL anba pisans papa Jeyova…!!!
Kanmarad JUDE ETIENNE – 754-244-3021

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Contact Us

error: