SANTE N SE LA VI N_Title

Mwen bese chapo m byen ba pou m salye nou tout k ap li ribrik “sante n se lavi n” anba tonèl jounal Le Floridien. Kòman nou ye? E le kò? Nou pa pi mal? Nou la n ap tchoule…! Kòm mwen te pwomèt nou dezyèm pati ribrik la, e byen me li – Rale ti chèz ba nou vin nou kase moso kichòy sou remèd natirèl yon moun kapab fè pou ede li konbat maladi moun konn genyen nan blad pipi/vessie/bladder.

NB: Yon moun ki santi li genyen pwoblèm nan blad pipi li meyè solisyon an se ale konsilte yon doktè ki kapab ede nou rezoud pwoblèm nan.

Nou te din an premye pati a blad pipi tabli anba ti vant moun tankou zannimo. Li genyen 2 tiyo/Ureteres ki soti nan ren yo ki kole nan li. Chak tiyo sa yo kole nan chak ren nou ki transpòte pipi a ale nan vesi nou. Blad pipi moun tankou zannimo konn vyeyi, konsa tou yo konn malad e pami maladi yo mwen kapab site maladi enkontinans/incontinence – ki se lò moun nan pa kapab rive kenbe pipi, moun nan pa gen kontwòl pipi a. Pafwa, moun ki soufri maladi enkontinans lan konn ap ri/laugh ou byen fè yon gwo mouvman bagay ki konn koz moun sa pipi sou li san li pa vle/involontairement.

Genyen tou maladi vessie hyperactive [Maladi anvi pipi toutan]. Se yon maladi ki bay moun nan anvi pipi pandan plizyè fwa nan yon jounen e lannwit. Kèk fwa moun nan pipi yon ti kal pipi. Anpil fwa se moun ki soufri maladi sa yo se gason ak fanm ki rive nan laj 50 a 100 lanne. Kèk fwa jèn moun konn soufri maladi sa yo tou.

Genyen maladi enfeksyon nan blad pipi, ake anpil lòt maladi ankò. An nou gade kèk remèd ki kapab ede nou ake maladi moun konn genyen nan blad pipi.

1- Pa janm kenbe pipi pou anpil tan – Sa bay en feksyon nan blad pipi pafwa.
2- Bwè tizàn bab mayi.
3- Bwè tizàn asparagus.
4- Bwè tizàn dandelion/pisannit.
5- Bwè te pèsi si w pa nan dyalis ak si w pa ansent.
6- Bwè tizàn grenn melon dlo ou melon dous. Nou kapab pile grenn fre [pa sèch], vide yo nan dlo cho epi bwè yonn a
3 vè pa jou pandan 8 a 15 jou.
7- Bwè te grenn seleri.
8- Bwè te fèy boul nan do/dèryè do.
9- Bwè te ortie mele ake fèy planten.
10- Bwè anpil dlo, ji sitwon. Pa bwè soda.

N ap jwenn plis remèd ak anpil detay nan liv mwen an/kichòy. Nou kapab kontakte kanmarad Jude nan 754-244-3021… mèsi.

An nou kase randevou pou 1er Jiyè 2019, mwen swete nou tout pou nou pase yon bon fen mwa Jen 2019 nan lanmou yonn pou lòt gras a Jeyova papa a.
Kanmarad Jude Etienne
754-244-3021 Djougan Djougan

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Contact Us

error: