Mwen santi mwen kontan anpil chak fwa mwen genyen chans pou m pataje ake nou kichòy sou lasante anba tonèl jounal Le Floridien… Kanmarad kòman nou ye la? Mwen kwè nou trè byen gras Jeyova nan syèl. Kanmarad rale ti chèz ba nou pou nou vin tande koze sou sante natirèl.

Alfredo Darrington Bowman ki genyen ti non-gate li Doktè Sebi, se yon nèg ki te fèt nan peyi Honduras, yon peyi ki tabli baz li nan Amerik Santral. Avan Doktè Sebi vin doktè Sebi li te soufri anpil vye maladi tankou: Opresyon, dyabèt, obezite, enpotans seksyèl, pwoblèm vizyon, elatriye. Maladi te fè lavi li vin mizerab kote li te menm genyen entansyon pou li touye tèt li. Tout ventèn [vingtaine d’année] li se te yon kochma. Akòz soufrans maladi, doktè Sebi te oblije vwayaje pou peyi meriken nan lespwa pou li jwenn gerizon. Li rive nan peyi Meriken, kote li pase anpil ak yon pakèt doktè konvansyonèl. Se te nad marinad, paske maladi kanmarad Afredo yo te vin pi mal jouk se yon zanmi li ki te sijere li ale wè yon doktè fèy/naturaliste kap viv nan peyi Mesik. Apre anpil dekourajman li fini pa pran desizyon pou li ale wè natiralis sa ki ap viv nan peyi Mesik.

Se nan peyi Mesik twazyèm zyè kanmarad Alfredo pral louvri byen gran pou li rive geri e pou li rive devni gerisè ki kapab trete plis pase 10 maladi medsin konvansyonèl la di yo pa genyen trètman/incurable. Doktè Sebi retounen nan peyi Meriken/USA byen djougan kote li tap trete anpil ake yon pakèt moun, pami yo gwo atis Hollywood Michael Jackson, Eddy Murphy, etc. Li te bay tè li non doktè se pa paske li te pase nan fakilte medsin non. Gerisè natiralis la pa te janm frekante yon lekòl medsin pandan tout 82 lanne li te pase ake nou sou latè. Men sa pa anpeche leta nan peyi meriken te fini pa asepte li kòm medsin. Kòman…?

Apre kanmarad Alfredo fin jwenn trètman e konesans nan peyi Mesik, li te rantre nan peyi Meriken pou li kòmanse pataje bon jan konsans medsin natirèl la ake pèp tout nanchon yo. Kanmarad la te tabli baz li nan nò Etazini, zòn New York, kote li te mete pankad li kòm doktè Sebi kap trete anpil ake yon pakèt maladi inkirab. Bri a te kouri, nouvèl la te gaye nan tout Etazini, kote lajistis Amerikèn te rive arete li jou kite 0…/…/ 1900. Pandan jijman doktè Sebi, jij tribinal la te mande pou kanmarad la vini ake 9 moun li di li trete. 9 moun ki te genyen yon maladi inkirab e ki rive vrèman trete syantifikman. Fok moun sa yo prezante papye kote laboratwa medsin konvansyonèl te di moun sa te soufri yon maladi inkirab. Kote tou apre doktè Sebi te fin trete yo pou menm moun sa retounen nan laboratwa medsin konvansyonèl pou ale refè menm tès la kote menm laboratwa a sa di moun ki te pozitif yo vin negatif. Si se pa sa lajistis Amerikèn ap kondane Alfredo Darrington Bowman.

Se avèk gwo sezisman jij nan tribinal la te wè plis pase 70 pasyan doktè Sebi te vin prezante nan tribinal la pou temwanye byenfè e gerizon kanmarad Alfredo pote nan lavi yo. Yo tout te vini ake bon jan papye rezilta laboratwa pou konvenk jij la. Aprè tout kokenn chenn prèv, tribinal la te asèpte kanmarad Alfredo kapab rive pwofese metye medsen natiralis li nan peyi meriken lib e libè. Doktè Sebi se yon nèg ki pa te janm frekante yon lekòl medsin e ki rive genyen dwa pwofese metye medsen nan peyi meriken. Pou kèlkeswa moun nan rive pwofese metye medsen nan peyi Meriken fòk li gradye nan yon fakilte medsin. Gras a bon rezilta medsin natirèl la doktè Sebi te kraze règleman sa. Apre plis pase 10 lanne ap pwofese metye natiralis nan peyi meriken, doktè Sebi al mouri nan yon konbinezon nan peyi li, Honduras 6 Dawout 2016 kote yo te mete li nan prizon e deklare li mouri akoz li te soufri Nemoni.

Nou menm ki kwè nan kapasite medsin natirèl, nan kapasite medsin tradisyonèl la nou pap janm bliye potorik gason sa, mapou sa. Doktè Sebi ap rete nan memwa nou tankou papa Desalin rete nan memwa tout pèp Ayisyen. Wou menm ki ta renmen konnen plis bagay sou djougan gason sa ale sou website li “www.dr sebi.com,” konsa wa dekouvri anpil mistè yo refize esplike nou.

Doktè Sebi se te yonn nan branch fèy pye mapou lavi a, pye mapou medsin natirèl la, pye mapou medsin tradisyonèl la. Jodi a li pa avèk nou, men lespri li ak tout kokenn chen zèv li yo ap toujou avèk nou nan batay lavi a. Sou latè genyen anpil ake yon dividal lòt doktè Sebi. Genyen ki an Ayiti, ki an Afrik, ki an Azi, an Amerik, elatriye. Genyen nan lanmè, nan montay, nan rivyè, nan pye bwa yo, nan lè a, e menm nan syèl la. Chak fwa nou wè yon pye lalwa ki fleri sa fè nou sonje doktè Sebi, chak fwa yon sous pete anba yon pye sabliye sa fè nou panse a kanmarad Alfredo. Chak fwa yon malad geri natirèlman sa fè nou santi doktè Sebi kap viv nan nou menm pou toutan gentan. Nou pap janm bandonnen chimen medsin natirel la, nou pap janm bandonnen idantite nou. Nou pap janmen “retire trip pou nou mete pay” – “La médecine naturelle pour la vie.”

Anpil fwa nou gade nan makèt ak nan boutik herbaliste yo bwat ou byen sachè te/thé kap vann kon pate cho. Anpil nan yo make te òganik, genyen lòt ki pa make òganik. Fèy te yo mete nan ti sachè pou vann yo anpil fwa pa lave sa vle di yo mete yo ak tout pousyè, tout pèstisid, etc. Daprè yon gwoup chèchè yo rele Glaucus Research 91% te nan ti sachè li tèste pou konpayi Celestial Seasonings genyen gwo dòz pèstisid ki depase limit yo ta dwe mete nan plant yo. Gwoup chèchè yo kontinye pou di moun ki chita ap bwè te sa yo genyen anpil chans pou yo malad – Se chèche lavi, detri lavi. Non plis yo mal seche fèy, rasin, flè, ak ekòs plant yo, men tou yo mete GMO nan plant yo yon pwodwi ki bay anpil moun maladi kansè ak anpil lòt pwoblèm sante.

Eske li toujou bon pou nou menm ki kwè nan medsin natirèl pou nou achte fòm te nan bwat sa yo menm lò yo make òganik? Eske li pa ta preferab pou nou plante pwòp plant nou, konsa nou ta rekòlte nan bon kondisyon fèy, rasin, flè, ak ekòs plant nou yo san pwodwi chimik…?

Si nou ale jouk nan rasin, nan nesans te sa yo nou kapab konprann anpil move bagay/pratique ki pa bon pou byenèt te yo. Anpil fwa gwo founisè/machann te nan peyi endistriyalize yo voye chèche fèy te yo nan sèten peyi tankou Lachin, Lend, Pakistan, Amerik disid, elatriye. Nan peyi sa yo plant pou fè te grandi agogo. Se vre anpil nan plant sa yo òganik e yo grandi nan yon bon kalite forè san pwodwi chimik. Jouk la pa genyen okenn pwoblèm ake fèy yo. Kote bagay la pral gate se lò plantè ki trouve yo nan peyi kote fèy yo grandi a pral genyen pou pase fèy yo sou fou dife bwa. Wi, nan peyi kote fèy yo soti se nan fou dife bwa yo seche fèy.

Lò peyizan peyi sa yo ap rekòlte fèy, flè, ekòs, ak rasin plant pou voye vann nan gwo peyi endistriyalize se anpil ake yon pakèt fèy yo keyi. Sa ki konn pran anpil tan pou fèy sa yo seche nan solèy. Pafwa lapli konn gate sechaj fèy yo. Pou peyizan yo sove fèy yo e seche yo byen vit, yo oblije bati gwo fou dife bwa pou seche kantite fèy yo keyi.

Rache yon fèy nan teritwa/branch li se deja yon latwoublay pou fèy la paske ou koupe li de sous alimantasyon li ki se sèv ki ap monte desann nan tij plant nan. Apre yon sèten tan si fèy sa pa byen seche li genyen anpil chans pou li pèdi pi fò nan sibstans kirativ li genyen, konsa tou li kapab pouri. Se yonn nan rezon ki fè li toujou bon pou nou itilize fèy yo menm kote nou fenk fin keyi yo ou byen seche yo anndan kay kote reyon solèy la pap bat yo. Lò nou seche fèy nou nan mitan limyè solèy se yon kokenn chenn krim nou fè fèy yo paske reyon iltravyolèt solèy la genyen kapasite pou li detri tout sibstans kirativ ki nan fèy yo.

Rete branche pou 3em partie ribrik lan, kote map vini ake plis koze ak konsèy pou nou pandan mwen swete nou pase yon bon fen mwa NOVANM 2019 anba pisans Jeyova papa a !!!

MEDNA pou lavi – Djougan Djougan
Kanmarad Jude Etienne
754-244-3021

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Contact Us

error: