Mwen salye nou tout ki anba tonèl jounal Le Floridien. Jodi a mwen byen kontan vin kase moso kichòy ake nou sou medsin natirèl. Kòman nou ye? Mwen kwè nou byen gras bon Dye… m ap di nou kenbe fèm, pa dekouraje. Jodi a mwen vin brase lide ake nou sou byenfè ak vèti lò yon kanmarad netwaye kò li ake bon jan metsin/lavman pou pi piti 2 fwa nan yon lanne. Mwen envite nou rale ti chèz ba nou, vin nou koze sou sante natirèl.

Genyen plis pase 100 lavman nan medsin tradisyonèl lakay nou. Nou kapab eseye yonn nan yo – [Avan nou mete yo an pratik, mande konsèy yon doktè natiralis ou byen yon moun ki genyen eksperyans nan domèn medsin natirèl].

Lavman # 1 – Mete 1 a 2 blan zoranj si nan yon veso pwòp. Ajoute 5 a 10 fèy Ave/Ave marya nan menm veso sa. Vide yon lit dlo byen cho sou yo. Kouvri li pou 10 minit. Apre bwè yon vè lavman sa frèt ajen, tann li pase w avan ou manje ni bwè. Fè lavman sa jou nou kapab rete lakay.

Lavman # 2 –
Mete 1 ponyen fèy sene ak tout gous bouyi pou 10 a 15 minit nan 1 lit ak demi dlo. Ajoute mwatye ponyen fèy absent/wormwood ak 1 kiyè poud buchu, si nou genyen li. Pa bliye mete yon ti fèy kachiman tou piti. Aprè li fin bouyi koule li, kite li frèt. Lò li frèt ajoute 1 kiyè/tablespoon lwil palma kristi. Nou kapab blende yo pou lwil la byen marye ak te a. Bwè yon vè lavman sa ajen, tann li pase w avan ou manje.

Lavman # 3 – Pran 4 a 5 bèl fèy ti mapou/medsiyen berachen, mwen byen di nou wi fèy ti mapou se pa fèy pye mapou. Avan nou kase fèy yo bese tèt branch lan pou li gade atè. Kite branch lan gade atè pou yonn a 2 minit, aprè rache fèy yo. Lave yo – fè yon frikase ak yo. Manje frikase sa ak yon ti bè ajen. Rèmèd sa bon tou pou moun ki konn konstipe tou. Metsin sa ap netwaye trip/colon nou.

Lavman # 4 – Mete 1 kiyè lwil palma kristi nan demi boutèy byè cho, sa vle di fòk byè pa te nan frijidè. Blende li, aprè bwè konpoze sa ajen pou nou lave anndan nou.

Lavman # 5 – Pou nou netwaye fwa/foie nou, blende ansanm: 1 tas ji sitwon pire + 1 tas dlo pwòp + 1 a 4 kiyè lwil oliv òganik + 1 moso jenjanm gwosè yon dwèt pous + 1 ou byen mwatye sitwon ak tout po + 7 a 10 grenn lay… Kraze lay yo, aprè dekale yo, mete yo nan blendè a. Mete nan blendè a tas ji sitwon an, tas dlo a, kiyè lwil oliv òganik la, moso jenjanm nan ak moso ou byen 1 sitwon ak tou po. Blende yo tout ansanm pou 1 a 2 minit. Aprè bwè ajen cure sa pandan 8 jou pou nou netwaye fwa/foie nou. Nou dwe bwè vè lavman/cure sa yon sèl kou. Tann 15 a 20 minit pou nou bwè yon ti te/thé kanèl ou jenjanm ou melis. Nou dwe manje apre 30 minit nou fin bwè lavman sa.

Lavman # 6 – Mete 1 kiyè lwil Palma Kristi nan mezi dlo yon kokoye ole. Brase li byen brase, bay kanmrad ki vle pran lavman an tout dòz sa yon kou – li dwe bwè li ajen e rete tann lavman an pase li avan li manje. Sa depan… nou kapab mete 2 rive jouka 4 kiyè lwil maskriti nan dlo kokoye a. Sa pral depann si kanmarad la se yon moun ki sere ou byen se se yon moun ki ale nan latrin nòmalman. Lavman sa dwe bwè menm kote nou ouvri kokoye ole a.
Rèspèkte prensip yo…konsa n a rete byen djanm. Sonje bon jan lavman gran paran nou te konn ba nou avan lekòl louvri an Ayiti – se bagay sa yo ki kenbe anpil nan nou jouk jounen jodi. Chaje ak bagay nou kapab itilize pou netwaye san/sang, trip/colon, fwa/foie, ren/reins nou – Bagay tankou ji fèy, te, lavman, elatriye.

N ap jwenn plis lavman nan tout liv Kichòy la.

Si tout fwa ou ta renmen konnen kèk bon lavman achte liv Kichòy mwen ekri a. Se yon bon lide pou nou ofri tèt nou, fanmiy, zanmi, ak kolèg travay nou yon liv Kichòy kòm kado pou fen lanne 2019 la. Vèsyon sa a genyen anpil remèd fèy avèk anpil foto plant yo. Se yon liv ki genyen plis pase 400 paj, li ekri an kreyòl ake anpil bon remèd natirèl. Prese pou nou achte liv pa nou paske pa gen anpil ki rete. Rele kanmarad Jude nan 754-244-3021 pou li fè wou menm ki Broward ou Miami ak West Palm Beach jwenn liv pa w la, mèsi pou ankourajman nou… Pye kout pran douvan!

Mwen te kontan ansanm ake nou. Mwen swete nou pase yon bon mwa Oktob 2019 anba pisans Jeyova papa a.

Viv Medsin Natirèl & Rete ansante pou toutan…!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Contact Us

error: