Avèk Jud Etyèn 

Bonjou/Bonswa

Lò nou te lekòl nan primè yo te konn aprann nou ze se yon manje konplè/aliment complet – sa ki vle di li genyen tout sa li bizwen pou mete sante kretyen vivan djougan. Zwazo, pwason, kèk mamifè, ak rèptil ponn ze. Genyen plizyè kalite koulè ze, genyen ze koulè blan, jon, mawon, ble, wouj, elatriye. Genyen gwo ze, konsa tou genyen piti zwit, tankou ze zandolit. Sa pral depann ki zannimo ki ponn ze a. Yonn nan zwazo sou latè ki ponn pi gwo ze se Otrich/Autruche. Gwo save nan domèn elvaj zannimo di yon ze Otrich kapab egal a 25 ze poul, li kapab pran jouka 35 @ 40 minit bouyi pou li kwit, 5 @ 8 moun kapab manje yon ze zwazo tank li gwo. Malerezman, zwazo yo rele Otrich la prèske disparèt nan lemonn paske yo detri lavi yo pa pil e pa pakèt. Se vre Otrich se yon zwazo ki genyen zèl men li pa kapab vole tankou anpil lòt zwazo konn vole. Gwo save nan domèn zannimo di zwazo sa kapab kouri vit tankou yon machin e genyen nan yo ki wo tankou wotè moun. Otrich se yon gwo potorik zwazo ki chaje ak vèti nan jaden lanati, pwoteje yo, renmen yo. – Foto a se zwazo ki rele otrich/Autruche.

Ze òganik chaje ake vitamin e mineral ki bon pou sante moun. Li genyen vitamin A, D, E, B12, li chaje ake mineral fè, elatriye. Gwo save yo di yon mwayèn ze genyen 75% dlo, 250g kolèstewòl, 8.1g pwoteyin, 0.2g glisid, 70 kalori, 75g sodyòm, lipid 5g, etc. Yon moun kapab rive konsome jouka 2 @ 4 ze pa jou daprè gwo save nan domèn nitrisyonèl. – Foto a se ze Otrich, ze Poul, ake ze Kay.

Pèp Ayisyen manje ze tout jan, yo bouyi li, yo fri li, yo fè ponch ake li, yo mete li nan gato, bonbon, elatriye. Nan tout mache, makèt, ak boutik ze ap vann kon pate cho. Malerèzman jounen jodi peyi nou, Ayiti pa kapab rive pwodwi bon kou ze pou nanchon an manje, se nan peyi vwazen, Sen Domeng, machann yo oblije ale achte ze blan/ ze ki pa òganik pou vin vann pa bò lakay.

Nou jwenn nan yon ze; kal la, jòn ze a, blan ze a, ak ti po fen an/Membrane. Genyen ze ki òganik, genyen lòt ki pa òganik tou. Lakay nan bitasyon nou pou yon poulèt ponn ze fòk li genyen yon kòk ki paye li. Nan peyi endistriyalize yo poulèt pa bizwen kòk pou ponn ze. Gwo save nan domèn zannimo rive fabrike yon kalite manje chimik ki fè poulèt yo ponn ze san kòk e prèske chak jou. Lò w tande poulèt yo manje manje sa genyen yon travay repwodiksyon seksyèl ki fèt anndan yo, konsa poulèt la tonbe ponn ze san kòk pa paye li. Wi, kalite manje pwodwi chimik sa yo konn fè poulèt la rive ponn yonn a 2 ze chak jou ki jou. Yon bon poul pondez kapab rive ponn 150 jouka 250 ze nan yon lanne. Blan ze a pou kont li kapab genyen 60% @ 70% pwoteyin tandiske jòn ze a kapab genyen 30% @ 40% pwoteyin.

Chak kalite zwazo ponn yon kalite ze, poul blan yo – sa nou menm Ayisyen rele poul pèpè ponn ze blan. Poul pondez yo ki genyen yon koulè plim mawon konn rive ponn ze mawon. Koulè ze a pa chanje anyen nan gou ze a, se akoz ras poul la ki fè ze a koulè li genyen an. Lakay nan bitasyon gran paran nou lò yon moun blese ou byen genyen yon maleng ki derefize geri yo konn mete ti po fen/membrane ki anndan ze bouyi a sou maleng ou blese a, konsa trakde li geri. Peyizan yo tou konn griye kal ze poul nou yo pou fè yon poud ake kal ze sa pou yo mete sou brile. Yo di poud kal ze a fè brile a geri vit e li pa kite tach sou po kò moun nan – men se lò nou itilize kal ze òganik. Genyen anpil ake yon pakèt remèd gran paran nou yo konn fè ake ze òganik, non plis li bon pou nou manje, li bon tou pou nou fè remèd natirèl pou sante nou.

Eske nou konnen nou pa bizwen dlo ak lwil pou fè yon ze kwit tankou se bouyi nou te bouyi li…?

Andeyò lakay lò nou te piti, nou te nan louvto, chef twoup la te montre nou ki jan nou kapab kwit ze poul san nou pa itilize ni lwil ni dlo. Li fè nou fouye yon twou mezi yon pye pwofondè, nou mete dife chabon bwa anndan twou sa, apre li fè nou kouvri dife a ake 2 kouch tè. Nou mete ze yo sou kouch tè a, apre nou kouvri ze yo byen kouvri ake tè pou 10 a 15 minit. 15 minit pase, nou defouye ze yo e yo gen tan kwit san dlo e san lwil.

Mwen remèsye nou pou pasyans nou ak lanmou nou genyen pou ti ribrik la. Nap kontinye kenbe sante nou djougan. Nap kase randevou pou dezyèm pati a 15 Oktòb 2018 si papa Jeyova vle.

Kanmarad Jude Etienne

(LANDSCAPIST HORTICULTURIST)
ZANMI LANATI AYITI – ZALA.
Phone: (754) 244-3021

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Contact Us

error: