SANTE N SE LA VI N_Title

Mwen salye tout kanmarad ki anba tonèl jounal Le Floridien. Jodi a mwen byen kontan vin kase moso kichòy ake nou sou pwoblèm sante. Kòman nou ye? N ap tchoule…? Kenbe fèm pa dekouraje, viktwa final la se pou nou menm ki kwè nan pisans Jeyova papa a. Jodi a mwen vin brase lide ake nou sou kèk bagay nou kapab fè pou nou rete ansante. Rale ti chèz ba nou, vin nou koze.

Mwen pa kapab kòmanse ti ribrik la san mwen pa voye senpati mwen bay tout pèp Ayisyen kap soufri jounen Jodi akoz politik peyi nou. Mwen swete nou kouray nan batay pou liberasyon peyi nou Ayiti. Jodi a mwen vle nou konnen genyen anpil ti bagay nou kapab fè pou nou rive kenbe sante nou djougan san nou pa menm bizwen ale kay doktè pou sa. Kòm nou toujou konseye w ale wè doktè w depi ou genyen yon pwoblèm sante ki dire plis pase 3 jou. Pa rete lakay, prese prese ale kontakte doktè w ou byen ale nan sant sante ou lopital ki pi pre w la.

Kite m pataje ake nou 4 nan 20 reset mwen genyen nan liv Toksik ke m gen pou m pibliye nan mwa kap vini la yo. Mwen toujou ap tann sponsorship nou pou m pibliye liv sa. Sponsorship ou pral fè mwen vann liv sa a bas prix, konsa chak Ayisyen ki renmen sante yo kapab achte yonn ou byen 2 liv san fòse. Kanmarad, ede yon Ayisyen kap pwodwi pou Ayisyen. Wou menm ki vle sponsorise liv TOKSIK la rele kanmarad Jude nan 754-244-3021, mèsi davans pou sponsorship ou.

Reset # 1
Reset sa bon pou moun ki gen Doulè nan pye, Ekzema, ak Pye mayas.
Melanje: Ji 5 sitwon vèt + 1 kiyè lwil oliv + ¼ tas lèt bèf san bouyi + demi tas dlo + 2 kiyè poud kanèl. Chofe li tou piti pou sèlman 2 minit, pa kite li bouyi. Tranpe pye w nan konpoze sa pou 15 minit.

Reset # 2
Reset sa bon pou Sikilasyon san, se yon Detox.
Melanje: 1 sitwon vèt antye + 2 pense piman zwazo/cayenne paper + 1 vè dlo trete. Mete yo bouyi pou 5 minit, pa plis. Tann li tyèd, sikre li ake yon kiyè siwo myèl òganik e bwè tout dòz la.

Reset # 3
Reset sa bon pou Mal dan.
Melanje: ¼ ti kiyè poud Jenjanm + ¼ ti kiyè poud Piman zwazo/Cayenne papper, ajoute yon ti dlo pou nou kapab fè yon ti pat. Mete pat sa nan trou dan ki malad la. Nou kapab itilize yon aplikatè.

Reset # 4
Reset sa bon pou konbat Kolèstewòl.
Chofe: 40 @ 80-gram grenn Alfafa pandan 2 mwa. Manje dòz sa 3 fwa pa jou. NB – Moun pa dwe manje grenn Alfafa san li pa jèmen/sprouted. Konsome sèlman grenn Alfafa òganik.

NB: Pa janm pran chans fè okenn remèd nou konseye w pou kont ou. Toujou mande konsèy yon moun ki gen konesans nan domèn medikal, ke li medsin natirèl ou medsin konvansyonèl.

Nap pwofite ti tan sa pou nou ankouraje w bwè bon kou dlo, wou menm ki pa renmen bwè dlo, tanpri chwazi 3 jou nan semèn nan kote nou pral bwè 5 vè dlo chak jou ki jou, konsa na di nou bwè 15 vè dlo pou pi piti pou semèn nan. Map konseye w manje kèk moso anana fre, se yon fri ki bon anpil pou sante nou, èspesyalman pou sikilasyon san, blood clot, etc. Mwa fevriye, se mwa kote anpil anana donnen. Yo pa vann chè, pwofite achte pou nou manje. Pa achte anpil paske se fre pou nou manje anana. Menm kote nou fin kale anana a manje li konsa, pa mete li sere paske se lè nou manje anana a fre nou manje substance curative ki nan fri sa.

Mwen te kontan ansanm ake nou yon fwa ankò anba tonèl jounal Le Floridien. Mwen swete nou pase yon bon fen mwa FEVRIYE 2019 anba pisans Jeyova papa a.

Viv Medsin Natirèl..!!!
Kanmarad Jude Etienne, Djougan Djougan.
754-244-3021

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Contact Us

error: