1ere Partie
Mwen santi mwen kontan anpil chak fwa mwen genyen chans pou m pataje ake nou kichòy sou lasante anba tonèl jounal Le Floridien… Kanmarad kòman nou ye la? Mwen kwè nou trè byen gras Jeyova nan syèl. Kanmarad rale ti chèz ba nou pou nou vin tande koze sou sante natirèl.
Pasaj nan labib: “Sou 2 bò larivyè a, tout kalite pye bwa pral pouse pou bay fri pou moun manje. Fèy yo pap janm fennen, yo pap janm sispann donnen. Y ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k ap koule soti nan tanp lan pral wouze yo. Pye bwa yo pral bay fri pou moun manje. Fèy yo ap sèvi remèd”. EZEKYÈL 47 VÈSÈ 12
Labib di nou, nan plizyè pasaj, “fèy se sous lavi.” Wi, lò nou konnen ki kokenn chenn sous lasante ki genyen nan plant nou yo, nan rivyè, nan lanmè, ak nan montay nou yo. Se yon opòtinite lèzòm pa dwe janm rate, opòtinite pou yo itilize sèvis plant nou yo 24è sou 24, 365 jou sou 365 jou paske se la medikaman maladi nou yo chita. Elas…! Plis pase 200 lanne yo vire lòlòj nou pandan yo fè nou konprann medikaman maladi nou yo chita nan grenn ak siwo yo fè ak pwodwi chimik. Kote yo detache nou de zantray nou ki se lanati.
Lachin se peyi ki bwè e pwodwi plis te/thé nan lemonn. Pèp chinwa a pap di w bonjou pou li pa ofri w yon bon vè te cho lò w vin vizite li. Yo pa bwè li sèlman paske yo malad, yo bwè te toutan paske te an li menm genyen 2 bon kalite; Li kapab ede kò nou geri anba maladi – Qualité curative, li kapab tou ede kò nou fè prevansyon kont maladi – Qualité préventive. Malerèzman, anpil Ayisyen frèm ak sè m toujou ap klèyonnen; “Mwen pa malad, mwen pap bwè te.” Kòmkwa dire se sèlman moun malad ki dwe bwè bwason beni sa – Erè ti papa! Moun ki vle genyen yon sante djougan bwè te toutan gen tan.
Nan tan lontan, lakay, nan chak bitasyon te genyen yon ansyen ki te la e ki te jwe wòl gerisè. Gerisè sa pa te genyen okenn nosyon inivèsitè ou klasik. Men gras a konesans natirèl li te posede, li te rive sove ou byen geri anpil ake yon pakèt moun nan bitasyon an ake bon jan reset fèy natirèl. Gerisè sa yo te konnen dyannen ti fèy ki ekziste nan raje, anba nan savann, nan karetèl, nan mòn, nan plèn, sou gran chimen, elatriye… Yo te konnen non yo tout, depi soti sou fèy Atiyayo pase pran fèy Ti ponm malkadi rive sou fèy Zonbi nan bwa. Yo tout te enskri nan kabòch tèt gerisè Ayisyen nou yo san pwoblèm. Konesans fèy yo pase de gran gran paran nou rive jouk sou nou. Se yon konesans zansèt nou te aprann nou aloral, pa te gen tan pou ekri.
Ebyen, Isit an Ayiti, yo te konn rele moun sa yo: Doktè fèy, Ougan, Manbo, Danti, Chabrak, Toryan, elatriye. Se yon seri moun ki te konn ki jan yo kapab mayande fèy yo, rasin plant yo, ekòs yo, fri plant nou yo ak flè nou yo. Yo te konnen tou ki jan pou yo prepare remèd natirèl yo. Eske yo dwe mete yo nan solèy, nan seren, anba lapli, anba gayiti, sou tèt gadmanje, dèyè kannari, etc. Gerisè yo te konn rive pase konesans plant yo bouch nan zorèy [De bouche à l’oreille]. Se te yon lekòl oral, se te tou feblès medsin tradisyonèl la, kote anpil nan konesans sa yo al pouri anba tè ake moun ki te konnen/posede yo. Se pa tout gerisè yo kit e gen tan pataje konesans sa yo, elas…!
Wi, anpil nan konesans sou medsin natirèl Ayisyèn pa te rive pataje jan sa ta sipoze fèt. Anpil nan gerisè lakay deside mouri ake kokenn chenn konesans yo te posede nan kabòch tèt yo. Yo te prefere mouri ake sètèn bòn konesans sou medsin natirèl la pou plizyè rezon. Anpil nan yo te santi yo imilye paske antre legliz pwotestan vin antre nan peyi a, pastè misyonè yo trete gerisè yo de bòkò, mango, dyèg, ounsi, badjikan, moun sòt, iletre, elatriye. Sa ki te konn koz anpil moun nan bitasyon an rete lwen gerisè yo. Anpil lòt doktè, enfimyè medsin konvansyonèl te komanse ap bese byen ba/minimiser pote medikal ki genyen nan pratik doktè fey yo. Piti piti valè gerisè yo ap bese, konsa anpil an yo prefere mouri san pataje konesans zansèt nou yo.
Apre anpil kanpay diskriminasyon andeyò, nan bitasyon yo kont gerisè Ayisyen yo medsin natirèl la, medsin tradisyonèl an Ayiti ap desann yon pant jouk jounen jodi li pa kapab reprann èskanp li. Malgre tout yon kanpay diskriminasyon anpil nan mèsenè la medicine conventionnelle mennen nan 4 kwen peyi Dayiti kont medsin natirèl, medsin tradisyonèl la – sa pa anpeche sèten jèn Ayisyen tankou kanmarad Jude Etienne rete atache, rete djougan ak pratik medsin tradisyonèl la, medsin natirèl. Si nou ta pran kalkile nan 2 kalite medsin sa yo ki yès ki fè plis dega nan lavi moun, nou pa tap janm kapab rive jwenn yon kalkilatris pou kontwole kantite rèl medsin konvansyonèl pote lakay moun e èspesyalman lakay malere.
Jounen jodi anpil maladi medsin konvansyonèl deklare inkirab/incurable rive jwenn trètman gras a medsin natirèl. Nou pa pou yon divizyon ant 2 medsin yo. Nou vote pou yon inyon kote yonn a konplete lòt menm jan li fèt Kiba ak anpil lòt peyi. Leta Ayisyen kapab antre medsin natirèl la nan fakilte medsin konvansyonèl menm jan yo antre femme sage yo nan fakilte enfimyè.
NB: sa se yon pati nan nouvo liv mwen an ki gen pou soti nan mwa kap vini la yo.
Rete branche pou 2 em partie ribrik lan, kote map vini ake plis koze ak konsèy pou nou pandan mwen swete nou pase yon bon kòmansman mwa NOVANM 2019 anba pisans Jeyova papa a !!!
MEDNA pou lavi – Djougan Djougan
Kanmarad Jude Etienne
754-244-3021