SANTE N SE LA VI N_Title

Mwen santi mwen kontan pou m vin pataje ake nou koze sou byenfè ki geyen nan nati a. Mwen mande w kanmarad pou w rale ti chèz ba wou pou nou pale pawòl lasante. Nou deja pati pou 4 mwa nan ane 2019 la, sa vle di li rete nou 8 mwa pou ane a fini. Ki sa nou fè pou sante nou pou kòmansman ane 2019 la? Anpil nan nou kontinye ap manje menm jan tankou avan, bwè soda, fimen sigarèt e menm pran drug. Anpil nan nou tou rele sou kò nou, bravo.

Nan ti ribrik sa, mwen plis vle pote kèk konsèy pou nou, konsa na byen jere sante nou. Map kòmanse ake zafè bwè dlo a. Anpil fwa nou genyen yon seri de pwoblèm sante se akoz nou manke bwè dlo. Anpil nan nou renmen di “Mwen pa renmen bwè dlo”, ebyen se yonn nan pi gwo tò nou te kapab fè kò nou. Yon kò ki pa byen idrate/pa gen bon kou dlo se yon kò ki kapab bay pwoblèm sikilasyon san/blood circulation, pwoblèm nan ren/kidney, pwoblèm po/skin, pwoblèm memwa/brain, pwoblèm kranp nan pye ou nan men, pwoblèm tèt fè mal, etc. Nou konn kèk fwa ap soufri ake yon malèz, nou pa konnen ki sa ki koz sa, epoutan! se kapab manke nou manke bwè dlo pou jounen an. Nan ka sa menm si ou pa genyen yonn nan pwoblèm mwen soti site anwo a bwè kan menm 3 @ 8 vè dlo chak jou ki jou pou yon sante djougan.

Anpil fwa tou mwen konn tande moun ap di: “Yo pa zonbi, yo pa kapab manje manje ki pa gen anpil sèl”. Moun sa yo antrave paske me yo, me maladi tansyon, maladi albumin, etc. Yon kanmarad ki pran abiid manje anpil sèl, e sitou moun ki renmen ajoute sèl fen sou manje yap manje me yo me pwoblèm. Eske nou konnen anpil sèl kapab fè nou soufri tansyon, maladi kò anfle, anpil sèl nan manje kapab menm rive seche dlo nan zye nou, fè nou vin avèg 2 zye e byen vit. Se vre li pa fasil pou yon moun ki abitye manje anpil sèl pou li kanpe li brit sou kou, non se pa sa mwen vle di. Nou kapab diminye nan kantite sèl nap mete nan manje yo piti piti jouk nou rive nan kantite sèl OMS mande a ki se yon mezi ti kiyè/teaspoon sèl pou yon kretyen vivan manje chak jou, pa plis.

Kèk fwa, anpil kanmarad pran plezi mete vye epis ki pa natirèl nan manje yap kwit, epis tankou “ Magi, Don pollo, Criollito, etc.” Kalite epis maladi sa yo ankouraje moun gen kansè, tansyon, blood clot, fè fanm pa ka fè pitit/sterile, etc… Tenten sa yo dwe soti nan lis pwodwi nap achte pou mete nan manje nap kwit. Magi pou kont li genyen plis pase 55 pousan sodium nan chak kib/cube, sa ki plis pase 2 kiyè sèl. Kanmarad yo menm konn mete 2 @ 4 kib magi nan manje yap kwit, tèlman yo di yo renmen gou epis maladi sa yo. Nou dwe fè manje nou ake epis natirèl; lay, pèsi, jiwòf, sib, ten, etc.

Manje lòbèy/fast food/junk food nan lari se yon lòt gwo pwoblèm pou sante nou. Peyi Etazini/ USA plase pami yonn nan peyi ki genyen moun ki pi gra/fat nan lemonn. Rezon an senp, se paske pèp meriken renmen manje junk food lajounen kon lannwit. Junk food se yon kansè pou lavi moun. Peyi Lachin/China poko te genyen Mcdonald, kantite moun ki te fè maladi sik te 5%. 2 zan aprè Mcdonald fin antre an Chin, kantite chinwa ki soufri maladi sik rive plis pase 25%. Lachin soti de 5% avan Mcdonald li rive 25% pandan Mcdonald ap vann junk food nan peyi li. Kalite manje sa yo pa natirèl, anpil nan yo se nan laboratwa yo fè yo pou ba nou manje. Manje sa yo se manje pwodwi chimik. Se yonn nan rezon tou nou wè jounen Jodi anpil timoun soufri maladi sik, tansyon, kolèstewòl, etc. Paran yo pa genyen ase tan pou kwit manje bay timoun yo, yo prefere achte junk food pou timoun yo. E timoun yo renmen junk food…Hayyy bon Dieu papa pitye !!!

Yonn nan bagay ki vrèman renmen moun nan lavi se moso sante. Lò w pa gen moso lasante chen miyò pase w. Madanm, mari, pitit, zanmi, yo tout renmen w se lè w ansante. Kan ou kòmanse malad yo pral trouve w kòmanse anmède yo, ou nwizib, ou an anfans, etc. Si w pa pran byen chagren ap touye w. Se pou sa nou gen pou devwa pou nou pran swen tèt nou dabò. Bèl kay, bèl vwati, bèl plezi yo tout ap pase. Menm si w pèdi yo ou kapab re achte yo tout ankò. Men pou zafè lasante a, si w kite li ale se anba tè ou pral rejwenn li, trust me.

Wi, nou genyen pou devwa: Bwè bon kou dlo potab chak jou ki jou, Sispann mete sèl fen sou manje nap manje, sou ze/egg nou fin bouyi. Sispann manje anpil sèl. Evite mete pwazon yo bay pou Magi, Don pollo, Crillolito nan manje nap kwit. Pa mete lòbèy/junk food nan bouch nou paske nou pa konnen ak ki engredyen yo fè pwazon lan sa yo. Pran yon ti tann pou nou fè manje nou ak pwodwi natirèl, bwè bon kou dlo chak jou ki jou, itilize gwo sèl Ayiti nou an olye nou itilize sèl fen yo a. Mete yon ti kantite sèl nan manje nap kwit, konsa na genyen yon sante djougan.

Map rete la pou jodi a pandan map mande w pou w sponsorize piblikasyon 2em liv ki gen pou soti a. Kanmarad ou kapab achte yon liv Kichòy mwen ekri nan pri $ 40.00 US ou kapab achte yon gwo galon siwo myèl òganik pou sèlman $ 70.00 US ou byen yon bokal 32 ounce pou $ 25 US. Lò w achte liv Kichòy ak siwo myèl la sa ede wap ede m pibliye 2em liv mwen an ki genyen tout sa mwen ekri la E ki pi byen detaye.

Ayisyen an nou ankouraje zèv Ayisyen parèy nou…!!!

Pase yon bon fen mwa Avril 2019 anba zèl papa Bon Dye.

MEDNA POU LAVI
Kanmarad Jude Etienne 754-244-3021

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Contact Us

error: